I Timothée 4
4
1Men #Jn 16:13Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin #Ef 4:19make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke #Jen 9:3Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li #Wo 14:6resevwa avèk remèsiman, 5paske li sanktifye pa mwayen #Jen 1:25,31pawòl Bondye a ak lapriyè.
6Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou #II Tim 3:10deja ap swiv yo. 7Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.
Sou lòt kote, disipline tèt ou #I Tim 4:8pou vi sentete a. 8Paske #Kol 2:23disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou #Mat 6:33lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
9 #
I Tim 1:15
Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse #II Kor 1:10esperans nou sou Bondye vivan an, ki se #I Tim 2:4Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
11 #
I Tim 5:7
Preskri e enstwi bagay sa yo.
12Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit #Tit 2:7lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm #I Tim 1:14yon egzanp a sila ki kwè yo.
13Jiskaske m vini, bay enpòtans a #II Tim 3:15li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk #Trav 6:6men Ansyen ki te poze sou ou #Trav 11:30yo.
15Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16 #
Trav 20:28
Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
Chwazi Kounye ya:
I Timothée 4: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith