I Timothée 2

2
1Dabò, alò, mwen ankouraje pou #Ef 6:18siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2#Esd 6:10pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3Sa bon e akseptab nan zye #Luc 1:47Bondye, Sovè nou an, 4#I Tim 4:10ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5Paske gen #Wo 3:30yon Bondye, yon #Gal 3:20medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan #I Tim 6:15pwòp lè li a. 7Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt #Ef 3:8pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
8Konsa, mwen vle moun tout kote priye; #Sòm 63:4vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9Menm jan an, mwen vle #I Pi 3:3fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.#I Kor 14:34 12#I Kor 14:34Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13#Jen 2:7,22Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men #Jen 3:6,13fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan #I Tim 1:14lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

Chwazi Kounye ya:

I Timothée 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte