I Jean 2
2
1Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche #Wo 8:34; Jn 14:16nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat. 2Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men #Jn 4:42pou tout lemonn lan.
3Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou #Jn 14:15kenbe kòmandman Li yo. 4Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon #I Jn 1:6mantè, epi #I Jn 1:8laverite a pa nan li. 5Men nenpòt ki #Jn 14:23kenbe pawòl Li, nan li #I Jn 4:12lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6Sila ki di ke l ap #Jn 15:4reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
7Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen #I Jn 2:24depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl a ke nou te tande depi kòmansman an. 8Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske #Wo 13:12; Jn 1:9tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja. 9Sila ki di ke li nan limyè a, men #I Jn 2:11rayi frè l se nan tenèb la jiska prezan. 10#Jn 11:9Sila ki renmen frè li se nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la #II Kor 4:4fin fè l avèg.
12M ap ekri nou, ti moun yo, paske #Trav 13:38peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. 13M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske #Jn 16:33nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a. 14Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li #I Jn 1:1ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou #Ef 6:10gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
15Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. #Jc 4:4Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li. 16Paske tout sa ki nan lemonn #Wo 13:14lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17#I Kor 7:31Men lemonn an disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
18Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke #Mat 24:5,24antikris la ap vini #Mc 13:22menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 19#Trav 20:30Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
20Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan #Mc 1:24Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa. 21Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men #Jc 1:19paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm #Jn 8:44sòti nan laverite a. 22Kilès k ap manti, sòf ke #I Jn 4:3li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 23#Jn 8:19Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
24Pou nou menm, kite sa demere nan nou ke nou te tande depi kòmansman an. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou #Jn 14:23va osi reste nan Fis la, ak Papa a. 25Epi #Jn 3:15sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
26Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye #I Jn 3:7pase nou nan desepsyon. 27Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li #Jn 14:26enstwi nou nan tout bagay. #Jn 14:17Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li. 28Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L #I Jn 3:2; Mc 8:38vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini. 29Si nou konnen ke #Jn 7:18Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.
Chwazi Kounye ya:
I Jean 2: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith