I Jean 3
3
1Gade #Jn 3:16ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele #Jn 1:12ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke #Wo 8:29lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va #Jn 17:24wè Li menm jan ke Li ye. 3Epi tout moun ki gen #Wo 15:12espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. #Wo 4:15Peche a se transgresyon lalwa. 5Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab #Jn 1:29retire peche yo, epi #II Kor 5:21nan Li pa gen peche. 6Okenn moun ki rete nan Li #I Jn 3:9pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7Ti moun yo, pa kite pèsòn #I Jn 2:26twonpe nou. #I Jn 2:29Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. 8Men sila ki pratike peche se #Jn 8:44a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9Nanpwen pèsòn ki #Jn 1:13ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10Selon sa #Jn 1:12pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen #I Jn 2:9frè li.
11Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a #Jn 15:12ke nou dwe renmen yon lòt. 12Pa kon #Jen 4:8Caïn, ki te apatyen a #I Jn 2:13mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13Pa etonnen, frè yo, si #Jn 15:18lemonn rayi nou.
14Nou konnen ke nou #Jn 5:24kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15Nenpòt ki #Mat 5:21rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16Men konsa nou rekonèt lamou; ke #Jn 10:11Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17Men #Jc 2:15nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi #Det 15:7sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? 18Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan #II Jn 1verite.
19Nou va rekonèt konsa ke nou #I Jn 2:21nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen #I Jn 2:28konfyans devan Bondye. 22Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou #I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, epi fè #Jn 8:29bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23Men sa se kòmandman Li, ke nou #Jn 6:29kwè nan #Jn 1:12non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.
24Sila a ki #I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke #I Jn 2:5Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
Chwazi Kounye ya:
I Jean 3: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith