I Jean 1
1
1Sa ki te ye #Jn 1:1depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou #II Pi 1:16te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; 2epi #Jn 1:4lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm #Jn 10:28lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.
3Sa ke nou te wè epi #Trav 4:20tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen #Jn 17:3,21kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. 4Epi #I Jn 2:1bagay sa yo nou ekri, pou #Jn 3:29lajwa nou kapab vin konplèt.
5Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke #I Tim 6:16Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 #
Jn 8:12
Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou #I Jn 2:4manti epi pa pratike laverite a. 7Men si nou #Esd 2:5mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.#I Tim 6:16
8 #
Job 15:14
Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi #Jn 8:44laverite a pa nan nou. 9#Sòm 32:5Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10Epi #Job 15:14si nou di ke nou pa peche, nou #I Jn 5:10fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
Chwazi Kounye ya:
I Jean 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith