II Pierre 3

3
1Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye #II Pi 1:13kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, 2pou nou kab #Jd 17sonje pawòl ki te pale oparavan pa #Luc 1:70pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.
3Konnen sa dabò, ke #I Tim 4:1nan dènye jou yo #Jd 18mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, 4epi yo va di: #Mal 2:17“Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin #Trav 7:60mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”
5Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te #Sòm 24:2fòme avèk dlo e pa dlo. 6Pa dlo sa a #II Pi 2:5; Jen 7:11mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. 7Men, pa pawòl Li #II Pi 3:10,12syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk #És 66:15dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
8Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou #Sòm 90:4mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9#Hab 2:3Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li #I Tim 2:4pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
10Men #I Kor 1:8jou a Senyè a #I Tes 5:2va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè #II Pi 3:7,10syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13Men selon #És 65:17pwomès Li, n ap chache #Wo 8:21syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
14Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè #Fil 2:15san tach e san fot. 15Konsidere #II Pi 3:9; Trav 15:25pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. #Eb 5:11Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.
17Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. 18Men grandi nan lagras ak konesans #II Pi 2:2Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.
A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.

Chwazi Kounye ya:

II Pierre 3: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte