Mak 3

3
Nonm men pòk la
(Matye 12.9-14; Lik 6.6-11)
1Apre sa, Jezi retounen sinagòg #Mat 12.9-14; Lik 6.6-11 la ankò. Te gen yon nonm men pòk nan asanble a. 2Moun ki te la yo t'ap veye pou wè si Jezi t'ap geri nonm lan jou Saba a pou yo te ka akize li. 3Jezi di nonm men pòk la:
— Leve vin kanpe nan mitan.
4Epi li di moun ki te la yo:
— Kisa moun gen lalwa fè jou saba? Sa ki byen osinon sa ki mal? Sove lavi yon moun osinon kite li mouri?
Men okenn moun pa louvri bouch yo di krik. 5#Jan 11.33 sa a Jezi fache, li pwonmennen je l sou yo tout: sa te fè l lapenn pou l te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa:
— Lonje men ou.
Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
6Menm #Mat 22.16 lè a, farizyen yo soti kite sinagòg la. Y'al fè konplo ak moun Ewòd yo pou wè kijan yo ka rive touye Jezi.
Yon foul moun vin jwenn Jezi
7Jezi #Mat 12.15,16; Lik 6.17-19 menm, li soti ak disip li yo, l' ale bò lanmè Galile. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide, 8moun #Mat 4.25 lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazinay lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l t'ap fè. 9Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp. 10Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. 11Chak #Lik 4.41 fwa move lespri yo te wè l, yo te tonbe nan pye l ap plede rele:
— Ou se pitit Bondye a.
12Men #Mak 1.34 Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pat di ki moun li te ye.
Jezi chwazi douz apòt yo
(Matye 10.1-4; Lik 6.12-16)
13Apre #Mat 10.1-4; Lik 6.12-16 sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li. 14Li chwazi douz nan yo pou mache ak li epi pou li voye yo bay mesaj la. 15Li te ba yo pouvwa pou chase demon. 16Men #Jan 1.42 douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè), 17de #Lik 9.54 pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loray. 18Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la, 19ak Jida Iskaryòt, nonm ki te trayi Jezi a.
Fanmi Jezi yo fè lide vin chache l
20Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo te manje. 21#Jan 7.20; 8.48,52; 10.20 fanmi Jezi yo tande sa, yo sòti pou yo vin chache l paske tout moun t'ap di:
— Nonm sa a fou.
Dirèktè lalwa yo akize Jezi
(Matye 12.22-32; Lik 11.14-23; 12.10)
22Dirèktè #Mat 12.24-32; Lik 11.15-22; 12.10 lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa:
— Li gen Bèlzeboul sou li.
Yo t'ap di tou:
— Se chèf demon yo menm ki ba li pouvwa pou chase demon.
23Jezi rele yo, li di yo an parabòl:
— Ki jan Satan fè ap chase Satan? 24Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap ka kenbe lontan. 25Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan. 26Se sa k fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini.
27— Pesonn pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la.
28— Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo. #3.28: tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo: Ou ankò tout move pawòl y'a di sou Bondye. 29Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.
30Jezi #Mak 3.22 te pale konsa paske yo t'ap di:
— Li gen yon move lespri sou li.
Manman Jezi ak frè l yo
(Matye 12.46-50; Lik 8.19-21)
31Apre #Mat 12.46-50; Lik 8.19-21 sa, manman Jezi ak frè l yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li. 32Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l konsa:
— Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou.
33Li reponn yo:
— Kilès ki manman m, kilès ki frè mwen?
34Epi li pwonmennen je l sou moun ki te chita sou kote l yo, li di konsa:
— Gade: men manman m, men frè m yo. 35Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman mwen.

Chwazi Kounye ya:

Mak 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an