Mak 2

2
Jezi geri yon nonm paralize
(Matye 9.1-8; Lik 5.17-26)
1Apre kèk jou, Jezi pati Kapènawòm ankò. Pèp la vin aprann #Mat 9.1-8; Lik 5.17-26 li te lakay li. 2Moun te sitèlman rasanble, pa te gen kote pou pike zepeng, menm devan pòt la. Jezi menm t'ap ba yo pawòl la. 3Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l bay Jezi. 4Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pat ka pwoche bò kote Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a. 5Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a:
— Pitit mwen, peche ou yo padonnen.
6Te gen kèk dirèktè lalwa chita la. Yo t'ap di nan kè yo:
7— Poukisa #Eza 43.25 nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.
8Menm lè a Jezi te gentan konnen nan fon kè l sa k t'ap pase nan tèt yo. Li di yo:
— Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou? 9Kisa k pi fasil pou m di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen. Osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache? 10Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche.
Lè sa a, Jezi di nonm paralize a:
11— Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.
12Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li sòti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye. Yo t'ap di:
— Nou poko janm wè bagay konsa.
Jezi rele Levi vin swiv li
(Matye 9.9-13; Lik 5.27-32)
13Jezi #Mat 9.9-13; Lik 5.27-32 tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay. 14Antan #Jan 1.43 Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa:
— Swiv mwen.
Levi annik leve, li swiv Jezi.
15Pita, Jezi t'ap manje lakay Levi. Te gen pèseptè kontribisyon ak lòt pechè la tou. Tout moun sa yo te atab ak li ansanm ak disip li yo. 16Kèk direktè lalwa nan gwoup farizyen yo epi ak lòt pechè, yo mande disip Jezi yo:
— Poukisa l'ap manje ak pèseptè yo epi ak tout pechè sa yo?
17Tande Jezi tande yo di sa, li reponn yo:
— Moun lasante pa bezwen doktè. Se moun malad ki chache chemen doktè. Enben, mwen pa vin rele moun ki konnen yo bon. Mwen vini pou sila yo ki konnen se pechè yo ye.
Kèsyon fè jèn lan
(Matye 9.14-17; Lik 5.33-39)
18Yon #Mat 9.14-17; Lik 5.33-38 jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa:
— Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn?
19Jezi reponn yo:
— Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje.
20— Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. 21Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. 22Pesonn p'ap mete diven fèk fèt pou bouche l' nan vye boutèy. Si ou fè sa, diven an va pete vye boutèy yo epi w'ap pèdi ni diven an ni boutèy yo. Men diven fèk fèt dwe bouche nan boutèy nèf.
Kèsyon jou repo a
(Matye 12.1-8; Lik 6.1-5)
23Yon #Mat 12.1-8; Lik 6.1-5 jou samdi, Jezi t'ap pase yon kote ki gen jaden ble. Antan disip yo t'ap mache arebò wout la, yo t'ap rale kèk grap ble. 24Farizyen yo di li konsa:
— Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?
25Jezi reponn yo:
— Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l yo ki te grangou? 26Sa #1 Sam 21.1-6; Lev 24.9 te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gendwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l yo manje tou.
27Jezi #Det 5.14 di yo ankò:
— Saba fèt pou moun. Se pa moun ki fèt pou saba. 28Konsa tou, mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.

Chwazi Kounye ya:

Mak 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an