Mak 4

4
Parabòl nonm ki t'ap simen an
(Matye 13.1-9; Lik 8.4-8)
1Jezi rekòmanse preche bò lanmè #Mat 13.1-23; Lik 8.4-15 Galile ankò. Foul moun ki te rasanble bò kote li te sitèlman anpil, li te blije moute chita sou yon kannòt nan lanmè a. Foul la menm te rete atè sou rivaj la. 2Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:
3— Koute! Yon nonm sòti pou l'al simen grenn nan jaden li. 4Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. 5Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pat gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pat fon. 6Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasin yo pat fon. 7Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pat ka donnen. 8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).
9Apre sa, Jezi di yo konsa:
— Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
Poukisa Jezi pale an parabòl
(Matye 13.10-17; Lik 8.9-10)
10Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l yo ansanm ak douz disip li yo di li:
— Esplike nou parabòl sa a non.
11Li #1 Kor 5.12 di yo:
— Nou menm yo bay sekrè Peyi kote Bondye Wa a. Men moun ki deyò yo, se sèl parabòl la yo tande. 12Konsa
Yo #Eza 6.9,10; Jan 12.40; Tra 28.26 mèt gade byen gade,
men yo p'ap wè.
Yo mèt tande byen tande,
men yo p'ap konprann,
pou yo pa tounen vin jwenn Bondye,
pou Bondye padonnen peche yo.
Jezi esplike parabòl nonm ki t'ap simen an
(Matye 13.18-23; Lik 8.11-15)
13Apre sa, Jezi di yo:
— Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute!
14Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. 15Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l, Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. 16Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch. Lè yo fenk tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. 17Men, yo pa kite l pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. 18Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, 19men, #Mak 10.23,24 traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. 20Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a. Yo tande pawòl la, yo resevwa l epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.
Parabòl lanp lan
(Lik 8.16-18)
21Apre #Lik 8.16-18 sa, #Mat 5.15 li di yo ankò:
— Yo pa limen yon lanp pou yo mete li anba tab osinon anba kabann. Eske se pa sou etajè pou yo mete li? 22Nanpwen #Mat 10.26; Lik 12.2 anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè. 23Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
24Li #Mat 7.2 di yo toujou:
— Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l sou li. 25Paske, #Mat 13.12 moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l ata ti sa l te genyen an.
Grenn k'ap pouse pou kont li a
26Li di yo ankò:
— Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li. 27Apre #Jak 5.7 sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi. 28Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou konmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la. 29#Jowèl 3.13 grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l, paske sezon rekòt la rive.
Grenn moutad la
(Matye 13.31-32; Lik 13.18-19)
30Li #Mat 13.31,32,34; Lik 13.18,19 di yo ankò:
— Kisa m ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye? 31Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l, se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè. 32Men, #Da 4.12,21; Eze 17.23; 31.6 lè ou fin simen l, li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l, li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbray yo.
33Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesay li a. Li te fè l yon jan pou yo tout te ka konprann li. 34Li pat louvri bouch li pou l pat rakonte yo yon parabòl. Men, lè l te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay.
Jezi kalme yon gwo van
(Matye 8.23-27; Lik 8.22-25)
35Menm #Mat 8.18,23-27; Lik 8.22-25 jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo:
— Ann janbe lòt bò lanmè a non.
36Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo. 37Yon gwo van vin leve, lanm yo konmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo. 38Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l, yo di l konsa:
— Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen?
39Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di:
— Pe la.
Li di dlo a:
— Rete trankil.
Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi. 40Apre sa, li di yo:
— Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?
41Men disip yo te pè anpil anpil. Yonn t'ap di lòt:
— Ki moun li ye menm pou menm van ak lanmè obeyi li a?

Chwazi Kounye ya:

Mak 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an