Mak 1

1
Jan Batis ap preche
(Matye 3.1-12; Lik 3.1-19; Jan 1.19-28)
1Men kòmansman bonnouvèl Jezikri, pitit Bondye a. #1.1: Gen maniskri ki pa bay Pitit Bondye a. 2Jan #Mat 3.1-12; Lik 3.1-18; Jan 1.19-30 sa #Mal 3.1; Mat 11.10; Jan 3.28 ekri nan pwofèt Ezayi a:
Men li, m'ap voye mesaje m' lan devan ou.
L'a pare wout la pou ou.
3Se #Eza 40.3 vwa k'ap pale k'ap di nan dezè a:
Se pou nou pare chemen Senyè a.
Se pou nou trase tout ti wout yo byen plat.
4Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize #1.4: Gen maniskri ki pa bay li t'ap batize. moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo.
5Tout moun zòn Jide ak lavil Jerizalèm te vin jwenn li. Jan batize yo larivyè Jouden pandan yo t'ap konfese peche yo avivwa.
6Jan #2 Wa 1.8; Zak 13.4 te abiye ak po chamo epi yon sentiwon kwi nan ren li. Se krikèt ak siwomyèl mawon li t'ap manje pou viv. 7Li #Tra 13.25 t'ap mache bay mesay sa a:
— Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li. 8Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a.
Batèm ak tantasyon Jezi
(Matye 3.13-17; Lik 3.21-22)
9Menm #Mat 3.13-17; Lik 3.21-22; Jan 1.31-34 epòk #Lik 2.51 sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an. 10Se konsa, soti Jezi soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri desann sou li sou fòm yon pijon. 11Li #Mak 9.7; Sòm 2.7; Eza 42.1 tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di:
— Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.
12Touswit #Mat 4.1-11; Lik 4.1-13 apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a. 13Li #Sòm 91.13; Jan 1.51 rete la pandan karant jou, epi se la satan vin ap teste li. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa, epi zanj Bondye yo t'ap pran swen li.
Jezi rele pechè pwason swiv li
(Matye 4.12-22; Lik 5.1-11)
14Apre #Mat 4.12-17; Lik 4.14,15 yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a. 15Li #Gal 4.4 t'ap di yo konsa:
— Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la.
16Pandan #Mat 4.18-22; Lik 5.1-11 Jezi t'ap mache bò lanmè Galile, li wè de pechè. Se te Simon ak frè li Andre. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. 17Jezi #Mat 13.47 di yo konsa:
— Vin jwenn mwen. M'a fè nou tounen pechè moun pito.
18Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li.
19Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo. 20Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvriye yo. Y'ale avèk Jezi.
Istwa nonm ki te gen move lespri sou li a
(Lik 4.31-37)
21Apre #Lik 4.31-37 sa, #Mat 4.13 Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. 22Yo #Mat 7.28-29 te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.
23Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:
24— Ey #Mak 5.7; Sòm 16.10 Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.
25Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li:
— Pe la! Sòti sou nonm sa a.
26Move #Mak 9.26 lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. 27Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt:
— Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.
28Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan peyi Galile a.
Jezi geri anpil moun malad
(Matye 8.14-17; Lik 4.38-41)
29Apre #Mat 8.14-16; Lik 4.38-41 sa, yo sòti kite sinagòg la, y'ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre. 30Bèlmè Simon te kouche anba lafyèb. Rive Jezi rive lakay la, li di li sa. 31Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l, li fè l leve. Latou, lafyèb la kite l, epi madanm lan resevwa yo.
32Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ak tou sa ki gen movezespri sou yo bay Jezi. 33Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la. 34#Tra 16.17,18 sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi. Li te chase anpil move lespri. Men, li pat kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.
Jezi ap bay mesay la nan peyi Galile
(Lik 4.42-44)
35Nan #Lik 4.42-44 granmaten, byen bonè, li pat ankò fè klè, Jezi leve, li sòti li kite lavil la, l'al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè. 36Simon ak lòt zanmi l yo sòti, yo t'ap chache Jezi. 37Lè yo jwenn li, yo di l konsa:
— Tout moun ap chache ou wi.
38Men li reponn yo:
— Annou ale nan lòt bouk alantou yo tou pou m'ka preche moun yo. Paske se pou sa mwen vini.
39Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.
Jezi geri yon nonm ki te gen lalèp
(Matye 8.1-4; Lik 5.12-16)
40Yon #Mat 8.2-4; Lik 5.12-16 nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi. Li tonbe ajenou devan li, li mande l sekou. Li di l konsa:
— Si ou vle, ou kapab geri mwen.
41Kè Jezi fè l mal, #1.41: Kè Jezi fè l mal: Gen maniskri ki bay Jezi fè kòlè. li lonje men l, li manyen nonm lan, li di li:
— Wi, mwen vle ou geri.
42Menm lè a, lalèp la kite l, li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 43Apre #Mak 3.12; 7.36 sa, Jezi voye l ale, li pase l lòd byen sevè. 44Li #Lev 13.49; 14.2-32 di l konsa:
— Piga ou pale sa ak pèsonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri.
45Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.

Chwazi Kounye ya:

Mak 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an