Mak 10

10
Jezi pale sou divòs
(Matye 19.1-12; Lik 16.18)
1Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide #Mat 19.1-9 ki lòt #Mak 9.33 bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a.
2Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li:
— Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li?
3Li reponn yo:
— Kisa Moyiz te ban nou lòd fè?
4Yo #Det 24.1; Mat 5.31,32 di l:
— Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li.
5Lè sa a, Jezi di yo:
— Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. 6Men, #Jen 1.27 nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. 7Se #Jen 2.24 poutèt sa, gason ap kite papa li ak manman li pou li atache ak madanm li. 8Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. 9Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.
10Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. 11Li #Lik 16.18 di yo konsa:
— Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. 12Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l pou l'al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.
Jezi beni timoun piti yo
(Matye 19.13-15; Lik 18.15-17)
13Yo #Mat 19.13-15; Lik 18.15-17 te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. 14Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo:
— Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. 15Sa #Mat 18.3 m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l nan Peyi kote Bondye Wa a.
16Apre #Mak 9.36 sa, li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo.
Jezi ak nonm rich la
(Matye 19.16-30; Lik 18.18-30)
17Antan #Mat 19.16-30; Lik 18.18-30 Jezi t'ap sòti pou l'al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l ajenou devan Jezi, li mande li:
— Bon Mèt, kisa pou m fè pou m resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
18Jezi di li:
— Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. 19Ou #Egz 20.12-17; Det 5.16-20; 24.14 konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou.
20Li reponn Jezi:
— Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m te ti katkat.
21Jezi #Mak 8.34; Mat 10.38 gade nonm lan avèk anpil amou epi li di li:
— Yon sèl bagay ou manke: Ale, vann tou sa ou genyen. Separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi retounen vin swiv mwen.
22Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l, l ale, paske li te gen anpil byen.
23Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l la, li di yo:
— Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.
24Disip #Sòm 62.10; 1 Tim 6.17 li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa:
— Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. 25L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye wa a.
26Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt:
— Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
27Jezi #Jen 18.14; Jòb 42.2 gade yo nan je, li di yo konsa:
— Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
28Lè sa a, Pyè di li:
— Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou.
29Jezi reponn li:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l, osinon manman l, osinon papa l, osinon pitit li, osinon jaden l, pou sèvis mwen ak pou sèvis Bòn Nouvèl la, 30moun sa a gen pou l resevwa, depi kounyeya, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon. Epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 31Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
Jezi anonse lanmò li yon twazyèm fwa
(Matye 20.17-19; Lik 18.31-34)
32#Mat 20.17-19; Lik 18.31-34 sa a, #Jan 11.16,55; Mak 9.31 yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li konmanse di yo sa ki te gen pou rive li. 33Li di yo:
— Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. 34Moun lòt nasyon sa yo va pase m nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò.
Jak ak Jan fè yon demann
(Matye 20.20-28)
35Apre #Mat 20.20-28 sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kote Jezi, yo di l konsa:
— Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou.
36Li di yo:
— Kisa nou ta vle m fè pou nou?
37Yo di li:
— Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou.
38Jezi #Mak 14.36; Lik 12.50; Wòm 6.3 reponn yo:
— Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?
39Yo #Tra 12.2; Rev 1.9 di li:
— Nou kapab.
Jezi reponn yo:
— Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. 40Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle.
41Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou Jak ak Jan. 42Jezi #Lik 22.25-27 rele yo, li di yo konsa:
— Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. 43Men, #Mak 9.35 se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. 44Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout. 45Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.
Jezi geri Batime, nonm avèg la
(Matye 20.29-34; Lik 18.35-43)
46Yo #Mat 20.29-34; Lik 18.35-43 te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap sòti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l Batime, pitit Time. 47Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele:
— Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.
48Anpil moun t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd:
— Pitit David la, gen pitye pou mwen.
49Jezi kanpe, li di konsa:
— Rele l pou mwen.
Yo rele avèg la, yo di li:
— Pran kouray, leve, men l ap rele ou.
50Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l te vin bò kote Jezi. 51Jezi mande li:
— Kisa ou vle m fè pou ou?
Avèg la reponn li:
— Mèt, fè m wè ankò.
52Jezi di li:
— Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Chwazi Kounye ya:

Mak 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an