Mak 11

11
Jerizalèm kanpe pou resevwa Jezi
(Matye 21.1-11; Lik 19.28-40; Jan 12.12-19)
1Yo te vanse rive Jerizalèm, bò bouk Bètfaje #Mat 21.1-9; Lik 19.29-38; Jan 12.12-16 ak Betani. Yo te rive mòn Olivye. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo. 2Li di yo:
— Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn poko janm moute sou li. Lage l, mennen l ban mwen. 3Nenpòt #Mak 14.14 moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt li ki bezwen li. Epi l'a voye ti bourik la retounen touswit.
4Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li. 5Kèk moun ki te la di yo konsa:
— Sa n'ap fè la a? Poukisa n'ap lage ti bourik la?
6Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale. 7Yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo pran rad sèvi panno mete sou do li, epi Jezi moute li. 8Anpil moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa, yo tann yo atè nan chemen an tou. 9Ni #Sòm 118.25,26 moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò:
— Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. 10Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
11Jezi #Mat 21.12-22; Lik 19.45-48 antre lavil Jerizalèm. Lale nan tanp lan. Li voye je l sou tout bagay. Apre sa, l'ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta.
Jezi bay yon pye fig frans madichon
(Matye 21.18-19)
12Nan denmen, antan yo t'ap sòti Betani, Jezi te grangou. 13Depi #Lik 3.9; 13.6-9 byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. L'al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l, se fèy ase li jwenn, paske se pat sezon fig frans. 14#Mak 11.20 sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li:
— Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò.
Disip yo te tande sa l te di a.
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Matye 21.12-17; Lik 19.45-48; Jan 2.13-22)
15Apre #Jan 2.14-16 sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. 16Li pat pèmèt pèsonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. 17Li #Eza 56.7; Jer 7.11 t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo:
— Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò.
18Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l. Paske yo te vin pè l, lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo.
19Lè solèy fin kouche, Jezi sòti kite lavil la ansanm ak disip li yo.
Jezi ak pye fig frans ki cheche a
(Matye 21.20-22)
20Nan #Mak 11.14 denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasin. 21Pyè vin chonje sa k te pase. Li di Jezi konsa:
— Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi.
22#Jan 14.1 sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo:
— Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. 23Sa #Mat 17.20; Lik 17.6 m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre. 24Se #Mat 7.7; Jan 14.13; 16.23 pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre. 25#Mat 5.23 nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [ 26Men, #Mat 6.14,15 si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.]
Ki moun ki bay Jezi dwa fè sa l'ap fè a
(Matye 21.23-27; Lik 20.1-8)
27Se #Mat 21.23-27; Lik 20.1-8 konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li. 28Yo di l konsa:
— Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
29Jezi reponn yo:
— Mwen pral poze nou yon sèl kèsyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. 30Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non.
31Men, yonn t'ap di lòt konsa:
— Si nou reponn: Se Bondye ki voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè li. 32Epi si nou reponn se moun ki voye li...!
Yo te pè reyaksyon pèp la. Paske tout moun yo te pran Janbatis pou yon pwofèt tout bon 33Lè sa a yo reponn Jezi:
— Nou pa konnen.
Jezi di yo:
— Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.

Chwazi Kounye ya:

Mak 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an