Mak 9

9
1Li di yo ankò:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la kounyeya gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l avèk pouvwa.
Jezi transfòme
(Matye 17.1-13; Lik 9.28-36)
2Sis #Mat 17.1-13; Lik 9.28-36 jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan apa avèk li. Li menmen yo poukont yo sou yon mòn byen wo. Epi Jezi transfòme devan yo; 3rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa. 4Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi. 5Pyè pran lapawòl, li di Jezi:
— Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli.
6Li pat konnen sa pou l te di tèlman yo te pè. 7Yon #Mak 1.11; 2 Pyè 1.17; Det 18.15; Tra 3.22 nyaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun sòti nan nyaj la, li di:
— Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.
8Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agòch, men yo pa wè pèsonn pase. Jezi ki te pou kont li avèk yo.
9Antan #Mak 8.30 yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo:
— Pa di pèsonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan pami mò yo.
10Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt:
— Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo?
11Twa disip yo poze l kèsyon sa a:
— Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan.
12Li #Mal 4.5; Eza 53.3 reponn yo:
— Se vre wi. Eli gen pou l vin anvan pou l mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l soufri anpil, yo p'ap manke pase l nan betiz? 13Men #Mat 11.14; 1 Wa 19.2,10 mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle avè l, jan sa te ekri sou li a.
Jezi geri yon ti gason ki te gen move lespri
(Matye 17.14-21; Lik 9.37-43a)
14#Mat 17.14-21; Lik 9.37-42 yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo. 15Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l bonjou. 16Li mande disip li yo:
— Sa n'ap diskite konsa?
17Yon nonm nan foul moun yo reponn li:
— Mèt, mwen te mennen ti gason m lan ba ou. Li anba yon move lespri ki rann li bèbè. 18Nenpòt ki kote lespri a pran l, li fese l atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l, epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pat kapab.
19Jezi di yo:
— Ala jenerasyon san konfyans! Jouk konbe tan nou konprann m'ap rete nan mitan nou ankò? Jouk konbe tan pou mwen sipòte nou ankò? Mennen tibway la ban mwen non.
20Yo mennen l ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. 21Jezi mande papa a:
— Depi konbe tan li konsa?
Papa a reponn li:
— Depi li tou piti wi. 22Anpil fwa menm, move lespri a jete l nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou!
23Jezi #Mak 11.23 di li:
— Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.
24Menm #Lik 17.5 lè a, papa tibway la di byen fò:
— Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou.
25Lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li pale byen sevè ak movèzespri a, li di li:
— Lespri bèbè, lespri soudè, mwen kòmande ou: Soti sou tibway la touswit, pa janm tounen sou li ankò.
26Move #Mak 1.26 lespri a souke tibway la byen souke. Li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Ti gason an te rete tankou si l te mouri atè a, kifè anpil moun te gentan ap di:
— Li mouri wi.
27Men Jezi pran men l, li fè l leve. Lamenm, ti gason an kanpe.
28Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l apa, epi yo di li:
— Poukisa nou pat kapab chase lespri sa a?
29Li di yo:
— Se lapriyè sèlman ki ka chase kalite lespri sa a.
Jezi anonse lanmò li yon dezyèm fwa
(Matye 17.22-23; Lik 9.43-45)
30Yo #Mat 17.22,23; Lik 9.43-45 sòti #Jan 7.1 kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pat vle moun konnen kote li te ye, 31paske #Mak 8.31; 10.32-34 li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo:
— Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.
32Men, #Lik 9.45; 18.34 disip yo pat konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l kèsyon.
Ki moun ki pi grannèg
(Matye 18.1-5; Lik 9.46-48)
33Yo #Mat 18.1-9; Lik 9.46-50 rive #Mat 17.24 Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo:
— Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?
34Pesonn pa louvri bouch yo reponn. Paske, sou wout la, yo t'ap fè diskisyon pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans.
35#Mak 10.44 sa a, Jezi chita, li rele douz disip li yo epi li di yo:
— Si yon moun vle premye plas, fòk li mete li pi ba pase tout moun, fòk li fè li sèvitè tout moun.
36Epi #Mak 10.16 li pran yon timoun piti, li mete l nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l, li di yo konsa:
37— Nenpòt #Mat 10.40; Jan 13.20 moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m lan li resevwa.
Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye
(Matye 10.42; Lik 9.49-50)
38Jan #Nonb 11.27-28 di l konsa:
— Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou.
39Jezi #1 Kor 12.3 reponn li:
— Kite l non. Paske yon moun ki pran non m pou fè mirak pa kapab pale m mal apre sa. 40Moun #Mat 12.30 ki pa kont nou, se moun pa nou li ye. 41Sa #Mat 10.42 m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gendwa pèdi rekonpans li.
Peche se bagay grav
(Matye 18.6-9; Lik 17.1-2)
42— Imajine yon moun ki ta fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an tonbe nan peche! Franchman, prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. 43Si #Mat 5.30 se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l, voye l jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. [ 44Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.] 45Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l, voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. [ 46Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.] 47Si #Mat 5.29 se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. 48La, #Eza 66.24 dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. 49Paske #Lev 2.13 tout moun gen pou pase nan dife. Tout moun ap pase nan sèl.
50— Sèl, #Mat 5.13; Lik 14.34; Kol 4.6 se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n sale l ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.

Chwazi Kounye ya:

Mak 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an