1
Pwovèb Yo 4:23
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.
Konpare
Eksplore Pwovèb Yo 4:23
2
Pwovèb Yo 4:26
Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli.
Eksplore Pwovèb Yo 4:26
3
Pwovèb Yo 4:24
Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
Eksplore Pwovèb Yo 4:24
4
Pwovèb Yo 4:7
Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann.
Eksplore Pwovèb Yo 4:7
5
Pwovèb Yo 4:18-19
Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt. Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
Eksplore Pwovèb Yo 4:18-19
6
Pwovèb Yo 4:6
Pa abandone li e li va pwoteje ou; renmen li e li va veye sou ou.
Eksplore Pwovèb Yo 4:6
7
Pwovèb Yo 4:13
Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou.
Eksplore Pwovèb Yo 4:13
8
Pwovèb Yo 4:14
Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo.
Eksplore Pwovèb Yo 4:14
9
Pwovèb Yo 4:1
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann
Eksplore Pwovèb Yo 4:1