1
Pwovèb Yo 3:5-6
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w. Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
Konpare
Eksplore Pwovèb Yo 3:5-6
2
Pwovèb Yo 3:7
Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.
Eksplore Pwovèb Yo 3:7
3
Pwovèb Yo 3:9-10
Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou, pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
Eksplore Pwovèb Yo 3:9-10
4
Pwovèb Yo 3:3
Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
Eksplore Pwovèb Yo 3:3
5
Pwovèb Yo 3:11-12
Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li, Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
Eksplore Pwovèb Yo 3:11-12
6
Pwovèb Yo 3:1-2
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo; paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou.
Eksplore Pwovèb Yo 3:1-2
7
Pwovèb Yo 3:13-15
A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni! Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen. Li pi presye pase bijou; e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
Eksplore Pwovèb Yo 3:13-15
8
Pwovèb Yo 3:27
Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, si se nan kapasite ou pou fè l.
Eksplore Pwovèb Yo 3:27
9
Pwovèb Yo 3:19
SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
Eksplore Pwovèb Yo 3:19