Pwovèb Yo 4

4
1Tande, O fis yo, #Sòm 34:11enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2Paske mwen bay ou bon konsèy;
# Sòm 89:30 pa abandone enstriksyon mwen.
3Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e #Za 12:10sèl fis devan zye a manman m,
4Alò, li te #Ef 6:4enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5Vin ranmase sajès!
# Pwov 16:16 Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6Pa abandone li e li va pwoteje ou;
# II Tim 2:10 renmen li e li va veye sou ou.
7Men sa ki kòmansman sajès la:
# Pwov 23:23 Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
8 # I Sam 2:30 Mete valè li wo e li va fè ou leve;
li va bay ou onè si ou anbrase l.
9Li va poze #Pwov 1:9sou tèt ou yon kouwòn lagras;
li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
10Tande, fis mwen an, #Pwov 2:1vin dakò ak pawòl mwen yo,
e lane lavi ou yo va vin byen long.
11Mwen te #I Sam 12:23dirije ou nan chemen sajès la;
mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
12Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;
epi si ou kouri, #Sòm 91:11 ou p ap glise tonbe.
13 # Pwov 3:18 Pran enstriksyon; pa lage menm.
Pwoteje li paske li se lavi ou.
14 # Sòm 1:1 Pa antre nan chemen mechan yo,
e pa avanse nan vwa malfektè yo.
15Evite li, pa pase kote li;
vire kite li e ale byen lwen.
16Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;
epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo
si yo pa fè lòt glise tonbe.
17Paske yo #Pwov 13:2manje pen a malveyan yo
e bwè diven vyolans.
18Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten
ki #Dan 12:3 briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19 # Job 18:5-6 Chemen mechan yo tankou tenèb;
yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
20Fis mwen an, #Pwov 5:1prete atansyon a pawòl mwen yo;
panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
21Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
# Pwov 7:1-2 kenbe yo nan fon kè ou.
22Paske yo se #Pwov 3:22lavi a sila ki jwenn yo,
ak lasante a tout kò yo.
23Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske #Mat 12:34de li, sous lavi yo koule.
24Mete lwen de ou yon bouch manti
e #Pwov 19:1 mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25Kite zye ou gade tou dwat devan
e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26 # Pwov 5:21 Veye wout pye ou konn pran
e tout chemen ou yo va byen etabli.
27 # Det 5:32 Pa vire ni adwat ni agoch;
fè pye ou vire kite mal.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 4: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte