1
Jacques 3:17
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
Konpare
Eksplore Jacques 3:17
2
Jacques 3:13
Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
Eksplore Jacques 3:13
3
Jacques 3:18
Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
Eksplore Jacques 3:18
4
Jacques 3:16
Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
Eksplore Jacques 3:16
5
Jacques 3:9-10
Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
Eksplore Jacques 3:9-10
6
Jacques 3:6
Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
Eksplore Jacques 3:6
7
Jacques 3:8
Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
Eksplore Jacques 3:8
8
Jacques 3:1
Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
Eksplore Jacques 3:1
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo