1
Jacques 1:2-3
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.
Konpare
Eksplore Jacques 1:2-3
2
Jacques 1:5
Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.
Eksplore Jacques 1:5
3
Jacques 1:19
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
Eksplore Jacques 1:19
4
Jacques 1:4
Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
Eksplore Jacques 1:4
5
Jacques 1:22
Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
Eksplore Jacques 1:22
6
Jacques 1:12
Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
Eksplore Jacques 1:12
7
Jacques 1:17
Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
Eksplore Jacques 1:17
8
Jacques 1:23-24
Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
Eksplore Jacques 1:23-24
9
Jacques 1:27
Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
Eksplore Jacques 1:27
10
Jacques 1:13-14
Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo.
Eksplore Jacques 1:13-14
11
Jacques 1:9
Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li
Eksplore Jacques 1:9
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo