1
Matye 19:26
1998 Haïtienne
HAT98
Jezi gade yo, li di: — Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
Konpare
Eksplore Matye 19:26
2
Matye 19:6
Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.
Eksplore Matye 19:6
3
Matye 19:4-5
Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.
Eksplore Matye 19:4-5
4
Matye 19:14
Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Eksplore Matye 19:14
5
Matye 19:30
Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
Eksplore Matye 19:30
6
Matye 19:29
Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon papa l, osinon manman l, osinon pitit li, osinon jaden l, poutèt mwen, moun sa a gen pou l resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
Eksplore Matye 19:29
7
Matye 19:21
Jezi di li: — Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
Eksplore Matye 19:21
8
Matye 19:17
Jezi reponn li: — Poukisa w'ap poze m kèsyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande.
Eksplore Matye 19:17
9
Matye 19:24
M'ap di nou sa ankò: l'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Eksplore Matye 19:24
10
Matye 19:9
Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esèpte si se pou lenkondit li ta kite ak madanm lan.
Eksplore Matye 19:9
11
Matye 19:23
Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Eksplore Matye 19:23
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo