Ruth 1

1
1Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen #Jen 12:10yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti #Jij 17:8Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo. 2Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te #Jij 3:30antre nan peyi Moab la pou te demere la. 3Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo. 4De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane. 5Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li. 6Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te #Egz 4:31vizite pèp li a nan bay yo manje. 7Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda. 8Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. #II Tim 1:16Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. 9Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.”
Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye. 10Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.”
11Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo #Jen 38:11ta vin mari nou? 12Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis, 13Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. #Jij 2:15Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”
14Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. 15Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk #Jos 24:15 dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”
16Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou #I Sam 3:17 SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
18#Trav 21:14li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
19Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, #Mat 21:10tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?” 20Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske #Egz 6:3Toupwisan an te aji byen anmè avè m. 21Mwen te sòti plen, men #Job 1:21SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?” 22Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem #Egz 9:31nan kòmansman rekòlt lòj la.

S'ha seleccionat:

Ruth 1: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió