Sòm Yo 68
68
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
1Kite #Nonb 10:35 Bondye leve!
Kite lènmi Li yo vin gaye!
Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
2Kon lafimen konn chase,
konsa, chase yo.
Kon #Sòm 22:14 lasi kon fonn devan dife,
konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
3Men kite moun #Sòm 32:11 ladwati yo fè kè kontan.
Kite yo leve wo devan Bondye.
Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
4Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!
Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:
#
Egz 6:3 non l se SENYÈ a!
Rejwi devan Li an!
5Yon #Sòm 10:14 papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
6Bondye #Sòm 107:4-7 fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
7O Bondye, lè Ou #Egz 13:21 te sòti devan pèp Ou a,
lè Ou te mache travèse dezè a,
8 #
Egz 19:18
tè a te souke.
Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye,
prezans Bondye Sinaï lan.
Mond la li menm tè a souke devan prezans
Bondye a, Bondye Israël la.
9Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.
Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
10Moun pa Ou yo te vin rete ladann.
Ou te #Sòm 65:9 founi tout bonte Ou pou
malere yo, O Bondye.
11Senyè a te anonce pawòl la.
#
Egz 15:20
Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
12“Wa lame yo sove ale! Yo kouri!
Fanm nan rete nan kay la #Jij 5:30 divize piyaj la!
13Lè ou kouche #Jen 49:14 nan pak mouton yo,
se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e
plim li ak lò briyan.
14Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a,
Nèj t ap tonbe sou #Jij 9:48Tsalmon.
15Yon mòn Bondye se Mòn Basan.
Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
16Poukisa nou gade ak anvi,
O tout lòt mòn yo?
Sou mòn ke Bondye te #Det 12:5 apwente
konn abitasyon Li an?
Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
17Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye.
Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
18Ou te monte an wo.
Ou te mennen kaptif yo sòti.
Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm,
menm pami rebèl yo tou,
pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
19Beni se Senyè a, ki #Sòm 55:22 pote fado nou chak jou,
Bondye ki se delivrans nou an. Tan
20Bondye pou nou se yon #Sòm 106:43 Bondye delivrans.
Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
21Anverite, Bondye va #Sòm 110:6 kraze tèt lènmi Li yo,
tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.
22Senyè a te di: #Nonb 21:33 “Mwen va mennen fè yo sòti Basan.
Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
23pou pye ou kapab kraze yo bay san,
jis lang #I Wa 21:19 chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi a.”
24Yo te wè #Sòm 77:13 pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye,
pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen,
pou antre nan sanktiyè a.
25Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv,
nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
26Beni Bondye nan asanble yo,
SENYÈ a menm, #Det 33:28 fontèn dlo Israël la.
27Men gade #Jij 5:14 Benjamin, pi piti an Israël la,
k ap renye sou yo,
prens a Juda ki konseyè yo,
prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
28Bondye ou a te kòmande fòs Ou.
Montre Ou dyanm, O Bondye, #És 26:12 nan sa Ou te fè pou nou menm.
29Akoz tanp Jérusalem Ou a,
#
I Wa 10:25
wa yo va mennen kado bay Ou.
30Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a,
twoupo #Sòm 22:12 towo yo avèk ti bèf a pèp yo.
Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo.
Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
31Prens yo va sòti an #És 19:19-21 Égypte.
Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
32Chante a Bondye, O #Sòm 102:22 wayòm sou latè yo,
Chante lwanj a Senyè a, Tan
33A Sila ki vwayaje monte sou #Det 10:14pi wo syèl la,
ki la depi nan tan ansyen yo.
Gade byen, Li pale ak gwo vwa,
yon vwa plen pwisans.
34Rekonèt fòs Bondye a!
Majeste Li sou tout Israël,
#
Sòm 150:1
pwisans Li nan syèl yo.
35O Bondye, Ou #Det 7:21 etonnan nan sanktiyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 68: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith