Sòm Yo 65
65
Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan.
1Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion.
Ve yo va fèt anvè Ou.
2O Ou menm ki tande priyè yo,
a Ou menm #Sòm 86:9tout moun vini.
3Inikite m t ap kanpe kont mwen;
men pou transgresyon nou yo,
Ou kouvri yo.
4A la #Sòm 33:12 beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre,
pou l ka rete nan lakou Ou.
Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou,
sen tanp Ou a.
5Avèk #Sòm 45:4 zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou,
O Bondye sali nou an.
Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a,
jis rive nan lanmè pi lwen an.
6Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou,
Akoz Ou #Sòm 93:1 pran zam pwisans Ou.
7Ou kalme raj vag lanmè yo,
Avèk gwo boulvèsman lanm yo.
8Sila ki rete jis nan #Sòm 2:8 dènye pwent latè yo
kanpe byen etone a mèvèy Ou yo.
Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
9Ou vizite tè a e fè li gen abondans.
Ou anrichi li anpil.
Flèv Bondye a plen ak dlo.
Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.
10Ou wouze tranch li yo an abondans.
Ou fè do li vin poze.
Ou fè l vin mou #Det 32:2 ak lapli an abondans;
Ou beni kwasans plant li.
11Ou te kouwone ane a avèk #Sòm 104:28 bonte Ou.
Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
12 #
Job 38:26-27
Patiraj nan dezè yo gen abondans,
Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
13Chan yo #Sòm 144:13 abiye menm ak bann mouton.
Vale yo fin ranpli ak sereyal.
Yo rele fò ak lajwa!
Konsa, yo chante.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 65: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith