Sòm Yo 55

55
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo
Yon Refleksyon David
1Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye.
# Sòm 27:9 Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.
2Prete atansyon a mwen e reponn mwen.
Mwen pa alèz nan plent mwen yo.
Anverite, mwen deranje nèt
3akoz vwa lènmi an,
akoz presyon mechan an.
Paske yo #II Sam 16:7-8pote twoub desann sou mwen.
Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
4 # Sòm 38:8 Kè m twouble anndan m.
Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.
5Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen.
Mwen #21:6 etone jiskaske m debòde.
6Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la!
Konsa, mwen ta sove ale pou #Job 3:13twouve repo.
Mwen ta demere nan dezè a.”
7Tande byen, mwen ta rive byen lwen.
Mwen ta #I Sam 23:14ale rete nan savann nan. Tan
8Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont #És 4:6van tanpèt la,
kont move tan an.
9Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, #Jen 11:9divize lang yo,
paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.
10Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo.
Inikite avèk mechanste nan mitan li.
11Destriksyon ladann.
# Sòm 10:7 Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.
12Paske #Sòm 41:9se pa lènmi an ki fè m repwòch.
Konsa, mwen ta kab sipòte l.
Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.
Konsa, mwen ta kab kache de li.
13Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
14Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,
ki te #Sòm 42:4mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
15Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.
Kite yo #Nonb 16:30-33desann tou vivan kote mò yo ye.
Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.
16Pou mwen, mwen va #Sòm 57:2-3rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17 # Sòm 141:2 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
18Li te rachte nanm mwen anpè,
soti nan batay ki kont mwen an,
malgre yo #Sòm 56:2 anpil, k ap lite avè m yo.
19Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,
va tande e reponn #Sòm 36:1 yo. Tan
Nan sila pa gen chanjman an.
Yo pa gen krent Bondye a.
20Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.
Li te #Nonb 30:2 vyole akò li a.
21Pawòl li te pi dous pase bè,
men ak kè, li te fè lagè.
Pawòl li yo te #Sòm 12:2pi dous pase lwil,
men se nepe rale yo te ye.
22 # Sòm 37:5 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
23Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.
# Sòm 5:6 Moun ki vèse san e ki bay manti
p ap rive fè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 55: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió