Sòm Yo 53

53
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David
1Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.
Yo konwonpi!
Yo fè zak enjis ki abominab.
# Wo 3:10 Nanpwen ki fè sa ki bon.
2Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,
pou wè si genyen #Wo 3:11youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.
3 # Wo 3:12 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo vin konwonpi.
Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
4Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,
ka p #Jr 4:22manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,
epi ki pa rele Bondye?
5La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,
paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.
Ou te fè yo vin wont, akoz #II Wa 17:20Bondye te rejte yo.
6O ke #Sòm 14:7delivrans Israël ta parèt sòti Sion!
Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,
kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 53: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió