Sòm Yo 51
51
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
1Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
#
Sòm 51:9
efase transgresyon mwen yo.
2Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
3Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.
Peche mwen yo devan m tout tan.
4Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, #Wo 3:4Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
5Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
6Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va #Pwov 2:6fè m konnen sajès.
7Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.
Lave mwen e mwen va #És 1:18pi blan ke lanèj.
8Fè m tande lajwa avèk kè kontan,
pou #Sòm 35:10zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
9 #
Jr 16:17
Kache figi Ou de peche m yo.
Efase tout inikite mwen yo.
10Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,
epi refè yon lespri ki #Sòm 78:37dwat anndan m.
11Pa jete mwen lwen prezans Ou e
pa retire #És 63:10-11Lespri Sen Ou an sou mwen.
12Restore nan mwen lajwa sali Ou a.
Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
13Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,
e #Sòm 22:27pechè yo va konvèti a Ou menm.
14Delivre mwen de #II Sam 12:9koupabilite san vèse a,
O Bondye, Bondye a sali mwen an.
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa
selon ladwati a Ou menm nan.
15O Mèt mwen an, #Egz 4:15ouvri lèv mwen
pou m kab deklare lwanj Ou.
16Paske Ou #I Sam 15:22pa pran plezi nan sakrifis.
Otreman, mwen ta bay li.
Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
17Sakrifis a Bondye yo se yon #Sòm 34:18espri ki kraze.
Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,
Ou p ap meprize l.
18Avèk #Sòm 69:35bonte Ou, fè byen pou Sion.
Bati miray a Jérusalem yo.
19Konsa, Ou va rejwi nan #Sòm 4:5sakrifis ladwati yo,
nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo.
Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 51: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith