Sòm Yo 36

36
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
1Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.
Nanpwen #Wo 3:18krent Bondye devan zye l.
2Jan li kontan ak pwòp tèt li,
li pa janm wè pwop peche pa l la.
3 # Sòm 10:7 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.
Li fè yon chemen ki pa bon.
4Sou kabann li, li fè plan mechan;
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;
Li #Wo 12:9pa rayi mal.
5 # Sòm 57:10 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
6Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
e#Wo 11:33jijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo #Rt 2:12pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8Yo #És 25:6bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9Paske avèk Ou, se #Jr 2:13fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,
ak #Sòm 24:5ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
11Pa kite pye ògèy vini sou mwen,
ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12Se la #Sòm 140:10sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.
Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 36: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió