Sòm Yo 29
29
Yon sòm David
1 #
I Kwo 16:28-29
Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
2Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.
Adore SENYÈ a #II Kwo 20:21avèk tout sa ki sen.
3Vwa SENYÈ a sou dlo yo.
Bondye glwa la #Job 37:4,5 fè tonnè gwonde, eklate.
SENYÈ a sou anpil dlo.
4Vwa SENYÈ a gen #Sòm 68:33gwo fòs.
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
5Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.
Wi, SENYÈ a fann an mòso #Sòm 104:16 bwa sèd Liban yo.
6Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e
#
Det 3:9
Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
7Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
8Vwa SENYÈ a souke savann nan.
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
9Vwa SENYÈ a fè #Job 39:1bich la fè pitit.
Li fè forè a vin toutouni.
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
10SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.
Wi, SENYÈ a chita kon #Sòm 10:16 Wa jis pou tout tan.
11SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk #Sòm 72:3 lapè.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 29: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith