Sòm Yo 14

14
Pou direktè koral la; yon sòm David
1Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
# Wo 3:10-12 Nanpwen ki fè sa ki bon.
2SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki #Sòm 92:6konprann, k ap chache Bondye.
3Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
# Sòm 143:2 Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki #Jr 10:25manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
5La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se #Sòm 46:1refij li.
7O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a #Sòm 85:1-2restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 14: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió