Job 8
8
1Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:
2“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo
pou #Job 6:26pawòl a bouch ou fè gwo van?
3Èske #Jen 18:25Bondye konn konwonpi jistis la?
Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
4 #
Job 1:5-19
Si fis ou yo te peche kont Li,
alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
5Si ou ta #Job 5:17-27chache Bondye e mande
konpasyon a Toupwisan an,
6si ou te san tach e dwat;
anverite, koulye a,
#
Job 22:27
Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou
jan ou te ye nan ladwati ou.
7Malgre, kòmansman ou pa t remakab,
ou ta #Job 42:12fini avèk anpil gwo bagay.
8“Souple, fè #Det 4:32rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,
e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
9Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,
e nou pa konnen anyen,
paske #Job 14:2jou pa nou yo sou latè
se sèl yon lonbraj ki pase.
10Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e
fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
11“Èske jon kab grandi san ma dlo?
Èske wozo konn pouse san dlo?
12Pandan li toujou vèt e san koupe a,
l ap fennen avan tout lòt plant yo.
13Se konsa chemen a #Sòm 9:17tout moun ki bliye Bondye yo.
Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
14sila a ak konfyans frajil la
kap mete konfyans li nan #És 59:5-6 fil arenye a.
15Arenye a mete konfyans sou #Job 8:22lakay li,
men li p ap kanpe.
Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
16Li #Sòm 37:35byen reyisi nan solèy la e
gaye toupatou nan jaden an.
17Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;
li sezi yon kay wòch.
18Si li vin deplase sou #Job 7:10plas li,
alò plas li va refize rekonèt li e di:
“Mwen pa t janm wè w.
19Gade byen, #Job 20:5se sa ki fè lajwa chemen li;
epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.
20“Alò, #Job 4:7Bondye p ap rejte yon nonm entèg;
ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
21Jiska prezan, Li va ranpli #Job 5:22bouch ou
avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
22Sila ki rayi ou yo va vin #Sòm 132:18abiye ak wont
e tant a mechan yo p ap la ankò.”
S'ha seleccionat:
Job 8: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith