Job 29
29
1Ankò, Job te reprann #Nonb 23:7diskou. Li te di:
2“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo!
Kon nan jou ke Bondye te #Jr 31:28bay rega sou mwen yo;
3Lè #Job 18:6lanp Li yo te briye sou tèt mwen,
e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
4Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo,
lè #Sòm 25:14amitye Bondye te sou tant mwen an;
5lè Toupwisan an te toujou avè m,
e pitit mwen yo te antoure mwen;
6lè pa mwen yo te benyen nan bè
e #Det 32:13wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
7Lè m te konn sòti nan #Job 31:21pòtay lavil la,
pou m te gen chèz mwen sou plas la.
8Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo,
e granmoun yo te konn leve kanpe.
9Prens yo te sispann pale
e te #Job 21:5mete men yo sou bouch yo.
10Vwa a moun pwisan yo te rete,
e #Sòm 137:6lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11Paske lè #Job 4:3-4zòrèy la te tande m, li te rele m beni,
e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
12akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou,
avèk #Job 31:17-21òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
13Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen
e mwen te fè #Job 22:9kè vèv la chante avèk jwa.
14Mwen te #És 61:10abiye nan ladwati e li te kouvri m;
jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
15Mwen te sèvi kon #Nonb 10:31zye pou avèg yo,
e pye pou sila bwate yo.
16Mwen te yon papa pou #Job 24:4 malere a,
e ka ke m pa konnen an,
mwen te chache twouve bout li.
17Mwen te #Sòm 3:7kase machwè a mechan an
e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen,
e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
19 #
Os 14:5
Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze
kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
20Fòs mwen toujou nèf,
e #Jen 49:24banza m renouvle nan men m.’
21“Moun #Job 4:3yo te koute e te tann.
Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
22Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò,
e #Det 32:2pawòl mwen yo te etonnen yo.
23Yo te tann mwen tankou lapli.
Yo te ouvri bouch yo pou bwe,
konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè,
e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25Mwen te chwazi yon chemen pou yo,
te chita tankou #Job 1:3chèf,
e te demere tankou wa pami sòlda yo,
tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
S'ha seleccionat:
Job 29: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith