Job 2

2
1 # Job 1:6-8 Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a. 2SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?”
Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”
3SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou #Job 27:5-6kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”
4Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li. 5Malgre sa, lonje men Ou koulye a e #Job 19:20touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
6Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”
7Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk #Det 28:35abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. 8Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan #Éz 27:30li te chita nan mitan sann yo. 9Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”
10Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. #Job 1:21Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”
Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li. 11Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, #Job 6:19Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit la. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te #Lam 2:10jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13#Jen 50:10Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

S'ha seleccionat:

Job 2: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió