Job 16
16
1Epi Job te reponn:
2Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo;
#
Job 13:4
move konsolatè nou tout ye.
3Èske pa gen limit sou #Job 6:26pawòl kap pouse van a?
Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
4Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.
Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou
e #So 2:15souke tèt mwen sou ou.
5Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,
e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
6Mem si mwen pale sa pa redwi #Job 9:27-28doulè m;
si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
7Men koulye a, Li #Job 7:3fin fatige m nèt;
Ou, Bondye, te #Job 19:13-15gate tout zanmi m yo.
8Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.
Epi #Job 19:20jan mwen vin mèg, leve kont mwen.
Li fè temwayaj devan figi mwen.
9Kòlè Li fin #Os 6:1chire mwen e chase m jis atè,
Li te modi blese m ak dan L.
#
Job 13:24
Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.
10Yo te gade m, #Sòm 22:14bouch yo louvri.
Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;
yo te oganize yo menm kont mwen.
11Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,
e te jete mwen nan men a mechan yo.
12Mwen te alèz, men Li te #Job 9:17brize mwen,
Li te sezi mwen nan kou
e te souke mwen jiskaske m fè mòso;
anplis li te fè m objè tiraj.
13 #
Job 6:4
Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.
Li vide #Job 20:25fyèl mwen atè.
14Li kase antre brèch pa brèch;
Li kouri sou mwen kon yon jeyan.
15Mwen te koud twal sak sou kò m
epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.
16Figi mwen vin wouj akoz #Job 16:20kri mwen yo
e pòpyè zye m vin fonse nwa,
17Malgre nanpwen vyolans nan men m,
e priyè mwen yo san tach.
18O latè a, pa kouvri san kò mwen.
Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.
19Menm koulye a, gade byen,
#
Wo 1:9
temwen m se nan syèl la.
Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.
20Se zanmi mwen yo k ap moke m.
#
Job 17:7
Zye m kriye a Bondye.
21O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,
kon yon moun plede ak vwazen li!
22Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale
nan chemen ki pap retounen an.
S'ha seleccionat:
Job 16: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith