Job 13

13
1 # Job 12:9 “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li.
2 # Job 12:3 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
3“Men #Job 13:22mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
4Men nou #Sòm 119:69sal moun ak manti.
Se yon bann #Jr 23:32doktè sanzave nou ye.
5Oswa pito ke ou ta #Job 13:13rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7Èske ou kab #Job 27:4pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
8Èske ou va #Lev 19:5pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
9Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa #Job 12:16èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
10Anverite, Li va repwoche ou
si ou apye yon bò ak patripri.
11Èske #Job 31:23majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
13 # Job 13:5 “Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
e #Sòm 119:109mete lavi m nan men m?
15 # Job 7:6 Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va #Job 27:5fè diskou chemen mwen yo devan L.
16Se sa, anplis, ki va #Job 23:7delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke #Job 9:21mwen va jistifye.
19 # És 50:8 Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
20“Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21 # Job 9:34 Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22Epi rele e #Job 9:16mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen.
23 # Job 7:21 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24Poukisa Ou #Sòm 13:1kache figi Ou e
konsidere m kon #Lam 2:5lènmi Ou?
25Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè #Lev 26:36 pay van an seche a.
26Paske Ou ekri #Job 9:18 bagay anmè kont mwen
e #Sòm 25:7fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27Ou #Job 33:11mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
28pandan mwen ap dekonpoze
kon yon #Job 2:7bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit.”

S'ha seleccionat:

Job 13: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió