Jij Yo 4
4
1Alò, #Jij 2:19fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri. 2Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a #Jos 11:1-10Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm. 3Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san #Jij 1:19cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan. 4Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a. 5Li te konn chita anba #Jen 35:8pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te kon vin vè li pou l fè jijman. 6Alò, li te voye kòmande #Eb 11:32Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo. 7Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e #Sòm 83:9mwen va mete li nan men ou.” 8Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen pa p prale.”
9Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, #Jij 4:21paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch. 10Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte #Jij 4:14avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li. 11Alò, Héber, #Jij 1:16Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la. 12Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor. 13Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan #Jij 4:2Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon. 14Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, #Det 9:3SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. 15#Det 7:23SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye. 16Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. #Egz 14:28Nanpwen youn ki te rete. 17Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.
18Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.
19 #
Jij 5:24-27
Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li. 20Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”
21Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.
22Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.
23Konsa, #Né 9:24Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo. 24Men lan a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.
S'ha seleccionat:
Jij Yo 4: BSA
Subratllat
Comparteix
Compara
Copia
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith