Jenèz 49
49
1Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou #Nonb 24:14 nan jou k ap vini yo.
2Rasanble nou ansanm e #Sòm 34:11tande, fis a Jacob yo.
Koute Israël, papa nou.
3Ruben, se ou ki premye ne mwen an;
pouvwa mwen, #Det 21:17kòmansman nan gwo fòs mwen,
premye nan respè e premye nan fòs.
4San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye;
akoz ke ou te #Jen 35:22monte sou kabann papa ou,
epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.
5 #
Jen 34:25-30
Siméon avèk Lévi se frè yo ye.
Nepe pa yo se zouti vyolans.
6 #
Sòm 64:2
Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo;
pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo.
Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun,
e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
7Modi se kòlè yo, paske li fewòs;
epi vanjans yo, paske li te mechan.
#
Jos 19:1-9 Mwen va separe yo nan Jacob,
e gaye yo nan Israël.
8Juda, frè ou yo va ba ou lwanj;
men ou ap sou kou lènmi ou yo.
#
Jen 27:29
Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.
9Juda se #Éz 19:5-7 jèn pòtre a yon lyon;
depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte.
Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon,
e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?
10 #
Nonb 24:17
Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda,
ni bwa règleman p ap janm antre pye li
jis lè Schilo vini,
e #Sòm 72:8-11a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
11Li mare jenn bourik li
ak pi bèl pye rezen an.
#
És 63:2
Li lave vètman li yo nan diven,
ak manto li yo nan san rezen yo.
12Zye li fonse wouj akoz diven an,
e dan li blanchi nan lèt la.
13 #
Det 33:18-19 Zabulon va demere bò lanmè;
li va yon pwotèj pou gwo bato yo.
Lizyè l va ak Sidon.
14Issacar se yon bourik gwo fòs
k ap #Jij 5:16kouche ba nan mitan makout bèt.
15Lè li te wè ke plas repo sa a te dous,
e tè a te fè l plezi,
li te double zepòl li pou pote chaj yo,
e li te devni yon esklav pou kòve.
16 #
Det 33:22 Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo.
17Dan va yon sèpan ki nan wout,
yon koulèv avèk kòn nan chemen
k ap mòde talon cheval la,
pou fè chevalye li tonbe an aryè.
18 #
Egz 15:2
Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.
19 #
Det 33:20
Pou Gad, piyajè yo va piyaje li,
men li va piyaje vè talon pa yo.
20 #
Det 33:24-25 Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi
bagay ki delika e ki wayal.
21 #
Det 33:23
Nephthali se yon bich ki vin lage.
Li donnen bèl pitit.
22 #
Det 33:13-17
Joseph se yon branch ki donnen fwi;
yon branch avèk fwi toupre yon sous.
Branch li yo kouri sou yon miray.
23Achè yo te atake avèk rayisman,
yo te tire sou li e yo te anmède li;
24men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò;
depi nan men Toupwisan Jacob la
(depi la se #Sòm 23:1Bèje a, #És 28:16Wòch Israël la),
25Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an;
Toupwisan an ki beni ou avèk
#
Jen 27:28
benediksyon anwo nan syèl la,
benediksyon ki sòti nan fon ki anba a,
e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
26Benediksyon a papa ou yo gen tan
fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive
nan limit #Det 33:15-16kolin ki dire pou tout tan yo.
Yo va rete sou tèt a Joseph,
sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.
27Benjamin se yon lou voras;
nan maten li va devore sa ke li kenbe,
e nan aswè, li va divize piyaj la.”
28Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.
29Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. #Jen 47:30Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan #Jen 23:16-20chan Éphron a, Etyen an, 30nan #Jen 23:3-20kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.
31“La menm yo te antere #Jen 25:9Abraham avèk madanm li #Jen 23:19Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa; 32chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.”
33Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te #Trav 7:15 respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.
S'ha seleccionat:
Jenèz 49: BSA
Subratllat
Comparteix
Copia
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith