Esther 9

9
1Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, #Est 3:13lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo. 2Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, #Est 8:17paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo. 3Menm tout chèf pwovens yo, #Esd 8:36reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo. 4Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, #II Sam 3:1te vin pi gwo e pi gwo. 5Konsa, #Est 3:13 Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo. 6Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm. 7Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha, 8Poratha, Adalia, Aridatha, 9Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha, 10dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la.
11Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a. 12Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” #Est 5:6Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt.
13Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, #Est 8:11kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.”
14Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann. 15Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar a e te touye twa-san moun nan Suse, men #Est 9:10yo pa t mete men yo sou piyaj la.
16Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te #Lev 26:7-8rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la. 17Sa te fèt nan #Est 9:1trèzyèm jou nan mwa Adar e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
18Men #Est 8:11Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans. 19Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan #Det 3:5lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar a yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.
20Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo, 21pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane, 22paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te #Sòm 30:11vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou #Né 8:12voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo. 23Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo. 24Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e #Est 3:7te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo. 25Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt #Est 3:6-15ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.
26Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi #Est 9:20akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo, 27#Est 9:20-21Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane. 28Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou sila yo a Purim pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.
29Epi rèn Esther, #Est 2:15fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim. 30Li te voye lèt yo a tout Jwif #Est 1:1nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite, 31pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon #Est 4:3pou tan jèn avèk lamantasyon yo. 32Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou #Est 9:26Purim, e sa te ekri nan liv la.

S'ha seleccionat:

Esther 9: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió