Esther 9:20-22

Esther 9:20-22 BSA

Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo, pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane, paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.