I Kwonik Yo 24

24
1Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar. 2#Lev 10:2Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt. 3David, avèk #I Kwo 6:8Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo. 4Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo. 5#I Kwo 24:31Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktiyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo. 6Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou trib Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, #I Kwo 18:16Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo.
7Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja; 8twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim; 9senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin; 10setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a #Né 12:4Abija; 11nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania; 12onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim; 13trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab; 14kenzyèm nan a Bilga; sizyèm nan a Immer; 15di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets; 16diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel; 17ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul; 18venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia. 19#I Kwo 9:25Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a.
20Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia; 21a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija. 22Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath. 23Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan. 24Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir. 25Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie. 26Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno. 27Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri. 28Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis. 29Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel. 30Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth. 31#I Kwo 24:5-6Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.

S'ha seleccionat:

I Kwonik Yo 24: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió