Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 44

44
Gwo gode Jozèf la
1Apre #Jen 42.25 sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a:
— Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo. 2W'a pran gwo gode m lan, gode an ajan an, w'a mete l nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l lan.
Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l fè a. 3Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo. 4Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pat pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a:
— Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen? 5Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? #44.5: Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se vèsyon grèk la ki bay fraz sa a, men pa genyen l nan tèks ebre a. Se ladan l li bwè, se ak li li sèvi pou l konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm.
6Lè domestik la trape yo, li repete tou sa mèt li a te di l. 7Men yo reponn:
— Men mesye, nou pa konprann sa w'ap di la a. Pou n ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon! 8Gade, #Jen 43.21 lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l tounen ba ou sòti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la? 9Si #Jen 31.32 ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav.
10Domestik la di:
— Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale.
11Lamenm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo. 12Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an.
13Sa #Jen 37.29,34 ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil. 14#Jen 42.6 Jida ak frè l yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li. 15Jozèf di yo:
— Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m wè tou sa ki pral rive?
16Jida #Jen 37.18; 44.9; Nonb 32.23 reponn li:
— Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.
17Men Jozèf di:
— Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an.
Jida defann kòz Benjamen
18#Jen 41.40 sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l konsa:
— Tanpri, mèt. Kite m di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an. 19Mèt, ou te mande nou eske papa nou la, eske nou gen lòt frè. 20Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l. Men, li mouri. Nan de pitit manman l yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l anpil. 21Ou #Jen 42.15,20 te mande nou pou nou mennen l isit la pou ou te ka wè l. 22Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pat ka kite papa l. Si li kite l, chagren va touye papa a. 23Men, #Jen 43.3,5 ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou. 24Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l tou sa ou te di nou. 25Apre #Jen 43.2 sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen. 26Nou di l: Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann. 27#Jen 46.19 sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen. 28Gen #Jen 37.33 yonn ki pati kite m. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l, paske mwen pa janm wè l jouk kounyeya. 29Jòdi a, #Jen 42.36,38 si nou pran sa a nan men m, si yon malè rive l, avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m.
30Kounyeya atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m san pitit gason l sa a, ki de je nan tèt li, 31kou l'a gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou. 32Wi, #Jen 43.9 se mwen menm ki te bay papa m garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l: Si m pa mennen l tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l jouk jou mwen mouri. 33Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l yo, kite m pran plas li. Gade m pou esklav ou. 34Mwen pa konnen ki pye pou m ta mete devan pou m tounen kay papa m san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m.

Currently Selected:

Jenèz 44: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti