Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 41

41
Jozèf esplike de rèv farawon an
1Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la. 2Li wè sèt bèl vach byen gra moute sòti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. 3Apre sa, sèt lòt vach tou lèd, tou mèg, moute sòti nan dlo a tou. Yo vin kanpe toupre lòt vach yo, bò dlo a. 4Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè.
5Dòmi pran l ankò, li fè yon lòt rèv. Li wè sèt gwo grap ble ki t'ap pouse sou yon sèl pye ble. Yo te plen grenn, yo te mi. 6Apre #Eze 17.10 sa, sèt lòt grap vin parèt sou menm pye ble a. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. 7Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè.
8Nan #Egz 7.11,22; Da 2.1,3 maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pat kapab esplike rèv la ba li.
9Se lè sa a, chèf kanbiz la di farawon an:
— Kounyeya mwen chonje mwen te fè yon fòt. 10Yon #Jen 40.2,3 jou, monwa, ou te ankòlè sou sèvitè ou yo. Ou te fè mete yo nan prizon lakay kòmandan gad palè ou la. Se te mwen menm, chèf kanbiz ou a, ansanm ak chèf boulanje ou la. 11Yon #Jen 40.5 jou lannwit, nou tou de nou reve. Chak moun te fè yon rèv diferan. Chak rèv te gen sans pa l. 12Te #Jen 40.12-19 gen yon jenn ebre avèk nou nan prizon an. Se te yon esklav kòmandan gad palè a. Nou rakonte l rèv nou yo. Epi li esplike yo ban nou, li bay chak moun sans rèv li te fè a. 13Tout #Jen 40.21,22 bagay pase jan li te di a: Sou twa jou vre, farawon an te mete m nan plas mwen ankò. Pou chèf boulanje a menm, li te fè pann li.
14Farawon #1 Sam 2.8; Sòm 105.20; 113.7,8; Da 2.25 an voye chache Jozèf. Yo fè l sòti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l, li chanje rad, epi li parèt devan farawon an. 15Farawon #Da 5.16 an di Jozèf konsa:
— Mwen fè yon rèv, pèsonn pa ka di m sa l vle di. Men yo di m depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l.
16Jozèf #Da 2.28,30 reponn farawon an:
— Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.
17Farawon #Jen 41.1-8 an di:
— Mwen reve mwen te kanpe bò larivyè Nil la. 18Konsa, sèt bèl vach byen gra te moute sòti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. 19Apre sa, sèt lòt vach tou mèg, tou lèd, tou chèch te moute sòti nan dlo a dèyè lòt yo. Mwen poko janm wè vye vach lèd konsa nan tout peyi Lejip la. 20Vye vach mèg yo manje bèl vach gra yo. 21Lè yo te fin vale yo, se tankou si yo pat janm manje. Yo te rete menm jan yo te ye anvan an. Epi je m vin klè. 22Apre sa, mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè sèt grap ble byen plen, byen mi ki t'ap pouse ansanm sou yon sèl pye ble a. 23Apre sa, sèt lòt grap parèt dèyè yo. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. 24Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pat kapab esplike yo ban mwen.
25Jozèf #Da 2.28,29,45 di farawon an:
— Tou de rèv yo vle di menm bagay la: Bondye fè ou konnen sa li pral fè. 26Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay. 27Sèt #2 Wa 8.1 vach tou mèg, tou lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou. 28Se jan m sot di farawon an: Bondye vle fè ou konnen sa li pral fè. 29Pandan sèt lanne pral gen bèl rekòt nan tout peyi Lejip la. 30Apre #Jen 45.6; 47.13 sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a. 31Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a. 32Si #Nonb 23.19; Eza 14.24 farawon an fè menm rèv la de fwa, sa vle di Bondye gentan fin fè plan l nèt. Se yon bagay Bondye pral fè talè konsa. 33Kounyeya, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l mete l chèf sou tout peyi Lejip la. 34Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm (⅕) nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo. 35Se pou yo ranmase pwovizyon pandan tout lanne ki pral vini yo. Se pou farawon an ba yo otorite pou yo anpile pwovizyon yo nan depo nan chak vil, lèfini pou yo veye yo. 36Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k'ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a.
Jozèf chèf tout peyi Lejip
37Farawon an ak tout moun pa l yo te tonbe dakò ak sa Jozèf te di a. 38Farawon #Nonb 27.18; Da 4.8; 5.11 an di moun pa l yo:
— Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?
39Farawon an di Jozèf:
— Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri ak pi bon konprann pase ou. 40M'ap #Sòm 105.21; Tra 7.10 mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou.
41Apre #Jen 42.6; Ekl 4.13,14 sa, farawon an di Jozèf:
— Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la.
42Li #Estè 3.10; 8.2,15; Da 5.29 wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l nan dwèt Jozèf. Li abiye l ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l. 43Li fè li moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a, apre cha wa a. Li bay gaddonè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo rele byen fò: Bravo! Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. 44Farawon an di Jozèf:
— Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pèsonn pa gendwa fè anyen ni al okenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou.
45Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. #41.45: Safna-Paneak: Nan lang moun peyi Lejip yo li vle di moun ki vini pou sove moun. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la. 46Jozèf #1 Sam 16.21; 1 Wa 12.6,8; Da 1.19 te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la.
47Pandan sèt bon lanne yo, tè a te bay anpil anpil rekòt. 48Jozèf ranmase pwovizyon pandan sèt lanne bon rekòt yo nan tout peyi a, li mete yo nan depo nan lavil yo. Chak lavil te gen kont depo pou sere tou sa jaden alantou yo te bay. 49Li #Joz 11.4; Jij 7.12; 1 Sam 13.5; Sòm 78.27 ranmase ble, li ranmase ble tankou ou ta di sab bò lanmè. Sitèlman te gen anpil ble, yo pat ka konnen kantite ki te genyen.
50Anvan #Jen 46.20; 48.5 lanne grangou yo mete pye, Jozèf te gentan gen de pitit ak Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an. 51Jozèf rele premye a Manase #41.51: Manase: Mo sa a vle di rezon pou m bliye. paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m yo. 52Li rele dezyèm lan Efrayim #41.52: Efrayim: Mo sa a vle di bay pitit, fè donnen. paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a.
53Sèt bon lanne rekòt yo te fin pase nan peyi Lejip la. 54Sèt #Sòm 105.16; Tra 7.11 lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la. 55Men, yon lè grangou konmanse mete pye nan peyi Lejip la tou. Pèp la menm pran rele nan zòrèy farawon an, y'ap mande manje. Farawon an di moun peyi Lejip yo:
— Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè.
56#Jen 42.6; 47.14,20,24 grangou a te toupatou nan peyi Lejip la, Jozèf louvri tout depo yo. Li vann moun peyi Lejip yo ble, paske grangou a te rèd anpil nan peyi Lejip la. 57Moun #Jen 41.54,56 sòti toupatou nan tout lòt peyi yo vin achte ble nan men Jozèf nan peyi Lejip, paske grangou a te rèd anpil toupatou sou latè.

Currently Selected:

Jenèz 41: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti