Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 4

4
Kayen ak Abèl
1Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l Kayen, #4.1: Kayen: Nan lang ebre a mo sa a bata sonnen tankou yon lòt mo ki vle di genyen. epi li di:
— Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.
2Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.
3Kèk #Egz 23.19; Lev 2.12 tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Senye a. 4Abèl #Egz 13.12; 34.19,20; Nonb 18.17; Eb 11.4 menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la. 5Men, #Pwo 21.27 li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare. 6Lè sa a, Senyè a di Kayen:
— Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? 7Si #Ekl 8.12,13; Eza 3.10,11 sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li.
8Yon #Mat 23.35; 1 Jan 3.12; Jid 11 jou, Kayen t'ap pale ak frè li Abèl, epi antan yo nan jaden an konsa, li vire li sèvi Abèl yon kou, li touye li frèt. 9Senyè a #Jan 8.44 mande Kayen:
— Kote frè ou Abèl?
Kayen reponn:
— Mwen pa konnen. Epitou, èske se mwen ki gadò li?
10Bondye #Eb 12.24 di konsa:
— Poukisa ou fè sa ou fè a? San Abèl, frè ou, ki koule a, l'ap rele. Vwa a rive jouk nan zòrèy mwen. 11Enben, tè #Nonb 35.33; Det 27.24 ki te louvri pou bwè san frè ou ou fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou. 12Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa li ta dwe. W'ap tounen vakabon pyepoudre sou latè.
13Kayen di Senyè a:
— Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l. 14Men #Jen 9.6; 2 Wa 24.20; Sòm 51.11 ou mete m deyò sou tè sa a kounyeya, se kache pou m al kache pou ou pa wè m. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.
15Senyè a #Eze 9.4,6 di:
— Non, si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa.
Se konsa Bondye mete yon siy sou Kayen pou pyès moun pa touye li si yo kontre li. 16Apre #2 Wa 13.23; Jer 23.39 sa, Kayen wete kò l devan Senyè a, l'al rete nan yon peyi yo rele Nòd, #4.16: Nòd: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di mache san rete. lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.
Pitit pitit Kayen yo
17Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l Enòk. Li ba l menm non ak pitit gason l lan. 18Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk. 19Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila. 20Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt. 21Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif. 22Zila menm bò pa l te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama.
23Yon jou, Lemèk di madanm li yo:
— Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou!
Koute byen sa m'ap di nou, medam mwen yo!
Mwen touye yon nonm paske li leve men li sou mwen.
Wi, paske li met san m' deyò, mwen touye jennonm nan.
24Si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa.
Men si yon moun touye, mwen menm Lemèk, swasanndisèt moun ap peye sa.
25Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di:
— Bondye ban m yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a.
Li rele l Sèt. #4.25: Sèt: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di Bondye bay. 26Sèt, #1 Wa 18.24; Sòm 116.17; Sof 3.9 pou tèt pa l, vin gen yon pitit gason, li rele l Enòch. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Senyè a.

Currently Selected:

Jenèz 4: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti