Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 39

39
Jozèf ak madanm Potifa
1Moun #Jen 37.25,28,36 Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l nan men yo. 2Senyè a #Jen 21.22; 28.15; 1 Sam 16.18; 18.14; Tra 7.9 te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. 3Mèt #2 Kwo 26.5; Sòm 1.3 la tou vin konprann Senyè a avèk Jozèf, epi li fè li reyisi tout sa li antreprann. 4Potifa #Jen 18.3; 19.19 te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l reskonsab kay li, li renmèt li tou sa li te genyen. 5Depi #Jen 30.27 lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tou sa li te genyen bay Jozèf, Senyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Senyè a beni tou sa li te gen lakay li ak nan jaden l. 6Sa #1 Sam 16.12 fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe. 7Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l:
— Vin kouche avè m non!
8Men #Jen 39.4 Jozèf derefize epi li di li:
— Mèt mwen pa okipe anyen nan kay la paske mwen la. Li fè m' konfyans lage tout bagay nan men mwen. 9Mwen #2 Sam 12.13; Sòm 51.4 gen menm otorite ak li nan kay la. Li pa defann mwen manyen anyen, espte ou menm, paske se madanm li ou ye. Kijan ou ta vle wè pou mwen fè yon zak konsa, pou m'fè peche sa a kont Bondye?
10Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l. 11Yon jou, Jozèf vin antre nan kay la pou travay. Lè sa a, pa te gen pyès moun la. 12Madanm #Pwo 7.13,18 lan vare sou misye, li kenbe li nan rad epi li di li:
— Jodi a, se pou kouche ak mwen.
Lè Jozèf wè li antrave vre, li chape kò li epi li met deyò. Li sove kite rad la nan men madanm lan. 13Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l pou l kouri ale deyò, 14li rele domestik li yo, li di yo:
— Eske nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, epi men li soti pou li avili nou. Li vin jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m'kouche ak li. Mwen pete rele. 15Lè li tande m rele a, mesye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m.
16Madanm lan kite rad la bò kote li. Li tann patwon Jozèf retounen nan kay la. 17Li rakonte li menm bagay la tou, li di li:
— Esklav ebre ou mennen ban nou lakay la, li vin jwenn mwen jouk anndan isit la pou li avili mwen. 18Men mwen pete rele anmwe, li kouri met deyò, epi li kite rad li bò kote mwen.
19Lè Potifa tande madanm li di l sa domestik li a te fè l, li move sou Jozèf. 20Li #Jen 40.3,5; 41.14; Sòm 105.18 fè arete l, mete l nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l nan prizon. 21Men #Jen 39.2,4; Egz 3.21; 11.3; 12.36; Sòm 106.46; Da 1.9; Tra 7.10 Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans. 22Li #Jen 40.4 mete l'veye lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab dirije tout travay yo gen pou fè. 23Depi #Jen 39.2,3 li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pat bezwen okipe anyen ankò paske Senyè a te la avèk Jozèf. Senyè a te fè tout zafè l mache byen.

Currently Selected:

Jenèz 39: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti