Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 21

21
Nesans Izarak
1Senyè a #Jen 17.19; 18.10; 1 Sam 2.21 fè Sara favè, jan l te di l la. Li fè sa l te pwomèt li a rive vre. 2Sara #Jen 17.21; Eb 11.11 vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l la. 3Abraram #Jen 17.19 rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak. 4Ti #Jen 17.10-12; Tra 7.8 gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l, jan Bondye te ba li lòd la. 5Abraram #Jen 17.17 te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt. 6Sara #Eza 54.1; Lik 1.14,58 di konsa:
— Adye o, gade Bondye ap fè mwen ri tèt mwen! Tout moun ki tande sa tou, yo pral pase mwen nan rizib.
7Apre sa, li di ankò:
— Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.
8Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l la, Abraram fè yon gwo fèt.
Abraram chase Aga ak Izmayèl
9Yon #Jen 16.1,15; Gal 4.29 jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. #21.9: ak Izarak, pitit Sara a: Se nan yon vèsyon grèk yo jwenn mo sa yo. Pa genyen yo nan tèks ebre a. Sara wè sa. 10Li #Gal 4.30 di Abraram konsa:
— Mete sèvant la dèyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gendwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
11Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil paske Izmayèl se pitit li tou. 12Men, Bondye #Wòm 9.7; Eb 11.18 di Abraram konsa:
— Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tou sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo. 13M'ap #Jen 16.10 bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou.
14Nan denmen, Abraram leve bonè. Li pran pen. Li plen yon galon dlo bay Aga. Li ede li chaje. Li ba li pitit la, epi li fè li pati kite kay la. Aga pati. Li mache li mache jouk li pèdi nan dezè Bècheba. 15Lè dlo a fini, li kite pitit la anba yon touf bwa. 16L ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l:
— Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa.
Pandan li chita konsa, pitit la pran rele. #21.16: pitit la pran rele. Dapre tèks ebre a se Aga ki te pran rele. 17Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l konsa:
— Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la. 18Leve #Jen 21.13 non, pran ti pitit la, kenbe l. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
19Bondye #Nonb 22.31; 2 Wa 6.17; Lik 24.16 louvri je Aga. Aga wè yon pi. L ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l. 20Bondye #Jen 16.12 te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès. 21Se nan dezè Paran li te rete. Manman l te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo.
Kontra Abraram avèk Abimelèk
22#Jen 20.2; 26.1,26,28; Eza 8.10 sa a, Abimelèk ale ansanm avèk Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l konsa:
— Bondye avè ou nan tou sa w'ap fè. 23Kounyeya, fè #Jen 20.14 sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
24Abraram reponn:
— Wi, mwen sèmante.
25Men, #Jen 26.15-22 Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs. 26Abimelèk di l:
— Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pat janm di m anyen sou sa. Se kounyeya m'ap tande koze a.
27Abraram #Jen 26.28-31 pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt. 28Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l yo, li mete yo sou kote. 29Abimelèk mande l:
— Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote.
30Abraram reponn li:
— Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a.
31Se #Jen 26.33 poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, #21.31: Bècheba: Se yon mo ebre ki vle di pi sèman an osinon pi sèt yo. paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt. 32Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a. 33Se #Jen 4.26; 12.8; Eza 40.28 la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Senyè a, Bondye ki la pou tout tan an. 34Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.

Currently Selected:

Jenèz 21: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti