Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 19

19
Peche moun Sodòm yo
1De #Jen 18.2,22 zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, l'al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l di yo bonjou. 2Li #Jen 18.4; Lik 24.28; Eb 13.2 di:
— Mesye, mwen la pou m sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. N'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou.
Mesye yo reponn:
— Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la.
3Men Lòt te fòse yo sitèlman, y'al lakay li avè l. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje. 4Yo pat ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. Tout gason nan lavil la te kouri vini. 5Yo #Jij 19.22; Eza 3.9; Wòm 1.24,27; Jid 7 rele Lòt, yo di l konsa:
— Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo sòti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo?
6Lòt #Jij 19.23 sòti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l, 7li di yo konsa:
— Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a. 8Gade, #Jij 19.24 mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m pwoteje yo.
9Men #Jen 13.12; Egz 2.14; Tra 7.26-28 yo di:
— Wete kò ou la! Se moun vini ou ye. Kisa ou ye atò pou w'ap vin di nou sa pou nou fè a? Sispann fè radòt ou la a anvan nou fè ou pi mal pase sa!
Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la. 10Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la. 11Lèfini, #2 Wa 6.18 yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agòch, yo pat kapab jwenn kote pòt kay la te ye.
Lòt kite lavil Sodòm
12De #2 Pyè 2.9 mesye yo pale ak Lòt, yo di l konsa:
— Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò. 13Nou #Jen 18.20 pral detwi tout bò isit la. Sènyè a te tande tou sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l.
14Lòt #Nonb 16.21,26; Rev 18.4 sòti, l'al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo:
— Leve non, fè vit, ann met deyò. Senyè a pral detwi lavil la.
Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe. 15Kou #Jer 51.6 jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l fè vit. Yo di l:
— Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tou lè Bondye ap pini lavil la.
16#Sòm 32.10; 34.22; 2 Pyè 2.7,8 yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Senyè a te gen pitye pou Lòt. 17Apre #Jen 19.26; Mat 24.16-18 zanj yo te fin fè yo sòti nan lavil la, yo di l:
— Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.
18Men Lòt reponn li:
— O non, Mèt! Pa mande mwen tou sa. 19Gade, ou deja fè m yon gwo favè. Ou moutre m jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove m lavi. Men, mòn lan twò lwen. M'a mouri anvan m rive, malè a va gentan rive sou mwen. 20Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. M'a gentan rive la pou m kache kò mwen. Tanpri, kite m ale la. Ou wè se yon ti kote ki tou piti. Konsa m'a sove lavi m.
21Zanj lan di l:
— Dakò, mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m lan. 22Kouri vit ale. Mwen p'ap ka fè anyen toutotan ou poko rive la.
Se poutèt sa yo rele ti bouk la Zoa. #19.22: Zoa: Se yon mo ebre ki vle di piti.
Bondye kraze Sodòm ak Gomò
23Solèy te fenk ap leve lè Lòt rive Zoa. 24#Det 29.23; Eza 13.19; Jer 50.40; Sof 2.9; Lik 17.29; 2 Pyè 2.6; Jid 7 sa a, Senyè a fè yon sèl lapli souf ak dife sòti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Senyè a menm ki te fè sa. 25Li detwi de lavil sa yo ak tout plenn lan ansanm ak tout moun ki te rete nan lavil yo ak tout plant ki t'ap pouse nan tè a. 26Men, #Jen 19.17 madanm Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl.
27Nan #Jen 18.22 granmaten, Abraram leve, l'ale kote li te kanpe ap pale ak Senyè a. 28Li voye je l bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute sòti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife. 29Se #Jen 8.1 konsa, lè Bondye t'ap detwi lavil yo nan plenn lan, li chonje Abraram. Li fè Lòt chape anba malè li ta pral lage sou lavil kote li te rete a.
Zansèt Mowab ak Amon
30Men #Jen 19.17,19 Lòt te pè rete nan bouk Zoa a. Se konsa, li menm ak de pitit fi li yo, yo sòti Zoa, yo moute, y'al rete nan mòn yo. Yo fè kay yo nan yon gwo twou wòch. 31Pi gran fi a di pi piti a:
— Papa nou ap fin granmoun. Pa gen gason nan peyi a pou marye ak nou pou nou ka fè pitit jan sa fèt toupatou. 32Vini non. Annou fè papa bwè diven jouk li sou. Apre sa, n'a kouche avè l. Konsa, n'a fè pitit pou papa nou.
33Menm jou sa a, lè aswè rive, yo fè papa yo bwè diven jouk li sou. Pi gran fi a kouche ak papa l. Men, papa a te sitèlman sou, li pat konn anyen. 34Nan denmen maten, pi gran an di pi piti a:
— Yèswa mwen te kouche ak papa mwen. Aswè a se tou pa ou. N'ap fè li bwè jouk li sou. Epi ou v' al kouche ak li pou nou de a ka fè pitit pou papa nou.
35Se konsa, lè aswè rive, yo fè papa a bwè diven ankò jouk li sou. Epi pi piti a kouche avè l. Men, fwa sa a ankò, Lòt pat konnen anyen. 36Se konsa de pitit fi Lòt yo vin ansent pou papa yo. 37Pi #Det 2.9 gran an fè yon pitit gason, li rele l Mowab. #19.37: Mowab: Se yon mo ebre ki vle di kado papa m. Se li menm ki zansèt moun Mowab yo ki la jouk kounyeya. 38Pi #Det 2.19 piti a tou fè yon pitit gason. Li rele l Bennami. #19.38: Bennami: Se yon mo ebre ki vle di pitit fanmi mwen. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.

Currently Selected:

Jenèz 19: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti