Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 11

11
Batisman gwo gwo kay lavil Babèl la
1Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. 2Apre #Da 1.2 yo pati sòti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chinea. Yo moute kay yo la, yo rete. 3Lè sa a, yonn di lòt:
— Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife.
Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. 4Apre #Det 1.28 sa, yo di:
— Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tou won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.
5Senyè a #Jen 18.21 desann pou l wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. 6Epi li di:
— Kounyeya, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. 7Bon. #Jen 1.26; 3.22; Eza 6.8 N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di.
8Se #Lik 1.51 konsa Senyè a gaye yo toupatou sou late. Yo sispann bati lavil la. 9Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, #11.9: Babèl: Mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ebre ki vle di melimelo, mele. paske se la Senyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
Pitit pitit Sèm yo
(1 Kwonik 1.24-27)
10Men #1 Kwo 1.17-27 pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. 11Apre sa, li viv senksanzan (500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
12Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 13Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
14Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 15Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
16Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 17Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
18Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. 19Apre sa, li viv desannèvan (209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
20Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 21Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li Te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
22Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 23Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
24Nakò te gen ventnèvan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25Apre sa, li viv sandiznèvan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
26Terak #Joz 24.2 te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.
27Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28Aran mouri anvan papa l. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l te fèt la. 29Abram #Jen 17.15; 22.20 ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30Sarayi pat gen pitit, li pat ka fè pitit.
31Terak #Jen 15.7; Ney 9.7; Tra 7.4 pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou l'ale nan peyi Kanaran. Men, lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).

Currently Selected:

Jenèz 11: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti