Lamantasyon Yo 5

5
1Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè #Sòm 44:13-16repwòch nou.
2Eritaj nou te bay kon don a #És 1:7etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
3Nou te devni òfelen #Egz 22:24san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
4Nou oblije achte #És 3:1dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
5Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
# Né 9:36-37 Nanpwen repo pou nou.
6Nou te vin soumèt devan #Os 9:3Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
7 # Jr 14:20 Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
8Se #Né 5:15esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
9Nou #Jr 40:9-12riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10Po nou vin #Job 30:30kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11Yo te ravaje tout #És 13:16fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12Prens yo te pann pa men yo;
# És 47:6 ansyen yo te vin pa respekte.
13Jennonm yo te #Jij 16:21fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite #És 24:8mizik yo.
15Jwa nan kè nou vin #Jr 25:10sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16Kouwòn nan soti sou tèt nou;
# És 3:9-11 malè a nou menm, paske nou te peche!
17Akoz sa, #És 1:5kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18Akoz #Mi 3:12Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
19Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
# Sòm 45:6 twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20Poukisa Ou #Sòm 13:1bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21 # Sòm 80:3 Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22Men #Sòm 60:1-2Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.

Marker

Kopier

Sammenlign

Del

None

Vil du ha høydepunktene lagret på alle enhetene dine? Registrer deg eller logg på