II Timothée 1

1
1Paul #II Kor 1:1yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, 2a Timothée #I Tim 1:2fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
3 # Wo 1:8 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4#II Tim 4:9,21avèk lanvi pou m wè ou #Trav 20:37menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
5Paske mwen sonje #I Tim 1:5lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete #Trav 16:1nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. 6Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe #I Tim 4:14don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7Paske Bondye pa bannou yon #Jn 14:27lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
8Konsa #Mc 8:38pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan #II Tim 2:3,9soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9ki te sove nou e te #Wo 8:28rele nou avèk yon apèl ki sen, #Ef 2:9pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te #I Kor 15:26aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11#I Tim 2:7Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men #II Tim 1:8,16mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
13 # Tit 1:9 Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan #I Tim 1:14lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
14Veye byen, selon lespri Sen ki #Wo 8:9demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
15Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te #II Tim 4:10,16vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
16Ke Senyè a bay mizerikòd a #II Tim 4:10,16lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan #I Kor 1:8jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.

Marker

Del

Sammenlign

Kopier

None

Vil du ha høydepunktene lagret på alle enhetene dine? Registrer deg eller logg på