II Korentyen Yo 6

6
1Epi nan #I Kor 3:9travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. 2Paske Li di:
# És 49:8 “Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”. 3Konsa,#I Kor 8:9,13Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. 4Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan#Trav 9:16anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès 5nan #Trav 16:23pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi #I Kor 4:11nan grangou 6nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan #I Kor 2:4Lespri Sen an, nan vrè lanmou an 7nan pawòl verite a, nan #I Kor 2:5pwisans Bondye a; ak #II Kor 10:4zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, 8pa laglwa ak #I Kwo 4:10wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; 9kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen #II Kor 1:8,10vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, 10kòm #Jn 16:22plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm #II Kor 8:9pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
11 # Éz 33:22 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. 12Nou pa anpeche nou, men #II Kor 7:2ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13Koulye a, #I Kor 4:14nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
14Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske #Ef 5:7-11ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15Oubyen ki #I Kor 10:21amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: #Egz 29:45“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17#És 52:11Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18 # II Sam 7:14 Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”

Marker

Del

Sammenlign

Kopier

None

Vil du ha høydepunktene lagret på alle enhetene dine? Registrer deg eller logg på