I Tesalonisyen Yo 3

3
1Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan #Trav 17:15Athènes sèl. 2Konsa, nou te voye #II Kor 1:1Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, 3pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke #Trav 9:16nou te destine pou sa. 4Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, #I Tes 2:14e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
5Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou #Mat 4:3tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou #II Kwo 6:1travay nou an ta anven.
6Men koulye a, ke #Trav 18:5Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de #I Tes 1:3lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. 7Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. 8Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou #I Kwo 16:13kanpe fèm nan Senyè a.
9Paske #I Tes 1:2ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm? 10Antretan #II Tim 1:3lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab #II Kor 13:9konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.
11Koulye a, ke Bondye e Papa nou an #I Tes 5:23Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e #Fil 1:9ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13Pou Li kapab #I Kor 1:8etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

Marker

Del

Sammenlign

Kopier

None

Vil du ha høydepunktene lagret på alle enhetene dine? Registrer deg eller logg på