I Korentyen Yo 16

16
1Koulye a konsènan #Trav 24:17ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn #II Kor 9:4ofrann pa fèt lè m vini. 3Konsa, lè m rive #II Kor 3:1nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
5Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske #Trav 19:21m ap pase Macédoine. 6Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab #Trav 15:3voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. 7Paske mwen pa vle wè nou koulye a #II Kor 1:15sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. 8Men mwen va rete #Trav 18:19Éphèse jiska fèt pannkot la; 9Paske yon #Trav 14:27pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
10Alò, si #I Kor 4:17Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè #I Kor 15:58travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. 11Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li #Trav 15:33anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
12Men konsènan #Trav 18:24Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13#Mat 24:42Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14Ke tout sa ke nou fè, fèt #I Kor 14:1ak lanmou.
15Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen #I Kor 1:16lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou #Wo 15:31ministè a sen yo). 16Pou #I Tes 5:12nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi #II Kor 11:9sa ki te manke nan pati a nou menm. 18Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk #Fil 2:29se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
19Legliz Asie yo salye nou. #Trav 18:2Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk #Wo 16:5legliz ki lakay yo a. 20Tout frè yo salye nou. #Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
21Salitasyon de #Wo 16:22pwòp men pa m——Paul. 22Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). #Fil 4:5Vin non, Senyè nou an! 23#Wo 16:20Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. 24Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.

Marker

Del

Sammenlign

Kopier

None

Vil du ha høydepunktene lagret på alle enhetene dine? Registrer deg eller logg på